Tina Brown se yon pitit fi Miami – pou nou pi egzak, Historic Overtown – epi li se yon lidè pwisan ki dedye lavi li pou amelyore lavi moun k ap viv, travay epi jwe nan kominote kote li te fèt la. Avèk yon Lisans nan Administrasyon Biznis ak Kontablite nan Inivèsite Eta Savannah; yon Metriz nan Kontablite ak prèske de deseni eksperyans nan domèn kontablite ak jesyon biznis pou tou de antite antrepriz ak òganizasyon ki pa pou pwofi; ansanm ak yon motivasyon, yon devouman ak yon pasyon san fren, Tina byen ekipe pou gen yon enpak pozitif sou kominote li a.
Kounye a, Tina ap sèvi kòm Direktè Jeneral Overtown Youth Center ; yon òganizasyon 501c ki gen misyon pou konble diferans edikasyonèl, emosyonèl, sante ak ekonomik pou jèn yo ak fanmi k ap viv nan kominote majinalize yo. Tina responsab sipèvizyon yon bidjè òganizasyonèl anyèl ki rive $5 milyon dola ak yon Pwojè Kanpay Kapital ki rive $20 milyon dola. Jiska prezan, li ranmase $18 milyon dola nan pri total pwojè a.

