Pauline Green se Direktè Egzekitif The Alliance for GLBTQ Youth , yon òganizasyon ki angaje pou libere pouvwa entèn natirèl jèn omoseksyèl yo nan Sid Florid. Alliance for GLBTQ Youth la bay sèvis sante mantal ak pwogram lidèchip pou jèn omoseksyèl yo tout pandan l ap defann dwa egal yo ak tretman ekitab.
Pauline dedye karyè li pou travay avèk e pou jèn k ap fè fas ak opresyon sistemik ak majinalizasyon, avèk yon atansyon patikilye sou jèn Nwa ak Maron ak jèn LGBTQ. Li sèvi nan plizyè konsèy òganizasyon san bi likratif ak kominotè ki angaje nan pwomosyon ekite ak jistis, tankou Konsèy Konsiltatif LGBTQ Konte Miami-Dade, Black Girls Matter Miami, Engage Miami, ak Konsèy Konsiltatif Kominotè Fondasyon Miami an. Pauline se yon gradye nan Loyola University New Orleans ak nan University of Miami School of Law kote li te yon Miami Public Interest Scholar. Li renmen byen manje, danse lib, epi pase tan ak mari l, Damion, ansanm ak wire-fox terrier yo a, Dexter.

