See this page in English.

Vea esta página en español.

Misyon prensipal Fondasyon Miami an se pou bati yon Miami ki pi solid, ki pi ekitab e ki gen plis fòs. Atravè pwogram “Open for Business”, Fondasyon an ap sipòte ti biznis ak òganizasyon ki pa gen pwofi ki istorikman travay nan kominote pou yo devlope fòs ak richès jenerasyon.​

Wells Fargo ap bay $20 mil kon yon Finansman ak Miami Foundation ak yon lot patnè finansye, Partners for Self Employment, pral distribye sibvansyon e yo pral bay òganizasyon ki pa gen pwofi ak ti biznis atravè Miami-Dade County pou sipòte akizisyon yo nan byen enpòtan, tankou teknoloji, ekipman pou biznis, envantè, ak pwopriyete. Finalman, pwogram nan ta vle asire moun ki travay pou tet yon ak ki istorikman pa gen chans gen moun ki envesti avek li gen yon chans jis pou yo bati pwosperite nan Miami yo te ede kreye a.

Pandan de ane kap vini yo, Fondasyon Miami ak asosyasyon kredi kominotè l la, Partners for Self Employment, pral distribye yon varyete sibvansyon ak prè.​ Revize enfòmasyon sou kalifikasyon ak aplikasyon an, plis lis kesyon yo poze souvan anba a.

Wells Fargo logo
logo for Partners for Self-Employment

Pou elabore pwogram nan, Fondasyon an te angaje Gwoup Konsiltatif Aktè yo, yon rezo lidè vizyonè lokal ki gen anpil eksperyans nan sektè ti biznis la, ansanm ak plizyè douzèn aktè ki nan kominote a, yon fason pou rasanble opinyon ak refleksyon estratejik sou ki fason pou fè pi gwo enpak posib atravè Miami Open for Business.


Premye sik finansman an louvri epi nou pral ofri de sik finansman chak ane pou de ane kap vini yo. Apati ane 2023, pwogram Miami Open for Business ap gen resous espesifik asistans teknik (TA) ki disponib epi ki an plas pou ede w prepare aplikasyon w lan epi devlope biznis ou.

Top-down photo of many people working together on laptops
Mikwo Sibvansyon pou Teknoloji akEkipman

FÈMEN

Sibvansyon $100-$20K pou sipòte akizisyon teknoloji, tankou pyès ki nan konpitè ak lojisyèl, ki gen ladan abònman ak lisans ak machin, ekipman.   ​

 


Pwopozisyon yo dwe Lendi 7 novanm 2022.

Photo of man outdoors with construction equipment
Prè pou Grandi Byen Antreprenè yo (Fon “ABLE”)

FÈMEN

Finansman pasyan pa gen anpil enterè $5K-$100K pou achte machin oswa envantè, finanse yon renovasyon, refinansman dèt predatè, siksesyon biznis, oswa ko-op konvèsyon.

Aplikasyon aksepte sou yon baz woule jiska 1 desanm 2022.

Photo of several business people collaborating over a project
Fon pou Pwopriyete Imobilye Kolektif (CREO)​

FÈMEN

Asistans finansyè jiska $500,000 pou preye peman pou byen imobilye komèsyal pataje nan katye istorikman defavorize yo pou mete rasin pou biznis kominotè ak òganizasyon ki pa pou pwofi yo.
   

Pwopozisyon yo dwe Lendi 28 novanm 2022.

VLE APRANN PLIS?

Enskri pou patisipe nan youn nan kat sesyon enfòmasyon vityèl sou Mikwo-Sibvansyon ak Prè (vèt ak ble) oswa nan youn nan de sesyon enfòmasyon vityèl sou fon pou Pwopriyete Imobilye Kolektif (violet) lè w klike sou lyen ki anba yo. Tout sesyon enfòmasyon yo pral anrejistre epi telechaje sou sit entènèt nou an pou pita.

KENBE KONTAK

LAPRÈS (AN ANGLÈ)

Allapattah downtown intersection with colorful buildings


“Ti biznis ak òganizasyon san bi likratif yo esansyèl pou fòs rejyon nou an. Sa a se yon envestisman transfòmasyon soti nan Wells Fargo ki pral ede bati richès 
jenerasyon ak sipòte yon avni ki estab pou divès ti biznis, pandan n ap travay pou ankouraje yon vil 
Miami ki pi solid, ki pi ekitab ak pwospere, ki se nan nwayo misyon Fondasyon an.”

Rebecca Fishman Lipsey