Miami Foundation asosye ak Depatman Lojman Piblik ak Devlopman Kominotè, nan Konte Miami Dade, ap ofri $10 milyon dola nan kad sibvansyon pou sipòte òganizasyon san bi likratif yo. Pwogram sa a te mete sou pye gras ak CARES ACT (Coronavirus Aid, Relief and Economic Security Act) ki ap pote soulajman finansye bay òganizasyon charitab ki frape ka pandemi COVID 19 la.
Konsèy Komisyonè nan Konte Miami Dade aksepte nan dat 21 Jiyè, bay lajan pou sibvansyon an. Lajan sa ap disponib pou òganizasyon san bi likratif nan Miami Dade ki gen mwens pase 25 anplwaye. Lajan sa a dwe kouvri pewòl òganizasyon an, depans ki te fèt pandan òganizasyon an te gen pwoblèm pou l fonksyone, depans pou reouvèti ak lòt depans ki gen rapò ak repons pandemi an. Òganizasyon ki kalifye yo ka aplike pou yon sibvansyon ki rive jiska $ 47 mil dola. Kòb sa se pou ranbousman depans ki gentan fèt ak depans ki pral fèt pi devan.
Aplikasyon sa a disponib depi 8 Septanm pou rive 30 Septanm.
Pou plis enfòmasyon, li direktiv pwogram yo, aplikasyon an, seksyon sou kesyon yo mande anpil yo , enskri pou seminè enfòmasyon ke nou ofri sou entènèt ak sesyon èd ke nou ofri an pèson: MiamiFoundation.org/COVID19ReliefGrants